BRASELIDE
Bookmark and Share 

     

SOSYETE

Paj Prensipal

Nouvèl Altènatif

Verite Kache

Pawòl Revolisyon

Sondage d'opinions
Pensez vous que le sous-sol haitien regorge de petrole?
Oui 66.7%
Non 33.3%

Total votes: 3


 
Version 2.03


April 1, 2010

By Jude Teleau

Ayiti: Kanpay rejete pòs-katastwòf

Yon jou aprè tranbleman de tè petefyèl ke peyi d Ayiti fin konnen, tout chapèl relijyon sou latè te gentan mobilize ekip yo pou yo vini an èd ak sinistre yo e sitou pou yo vin preche bondye pa yo a yon popilasyon san rele ni reponn.

Nan de tan twa mouvman, legliz syantoloji, fondamantalis kretyen ameriken, evanjelis konsavatè tout plim tout plimay, tout pwofesyonèl metye ou biznis zafè-Bondye sou latè de gentan tabli pou yo ede ; men tou pou yo akize, pou yo divize Ayiti ant bonlespri ak malentespri. Nan mitan kout rèl ak lanmò, Pòtoprens tounen teyat operasyon ekzòsis pou gate swadizan pwen sal ke nou te ramase nan Bwakayiman.

Li nòmal pou ayisyen chache wout espirityalite aprè yon evènman parèy ki lage dèy ak dezolasyon nan mitan nou. Lapriyè se yon sous enspirasyon ak rekonfò pout tout moun ki gen la fwa. Nan yon peyi kote leta ak lelit yo absan, pèp la lage konfyans li nan yon Fòs Siperyè : nan Bondye, kelkeswa non ou vle ba li.

Men nan reyalite feblès ak endijans yon pèp, de gwoup malentansyone pwofite preche yon levanjil la èn kont tout lòt konfesyon relijye. E nan jwèt malouk sa, yon tradisyon, yon relijyon toujou peye pokase a : vodou. Pou pwotestan ak tout lòt relijyon iresponsab, vodou son etènèl responsab. Si leta pa mache se a koz vodou, si pa gen kouran se vodou, si gen analfbèt se vodou. Tradisyon afwo-Ayisyen yo son sib fasil pou tout moun ki swa gen yon ajanda kache ou swa pa gen okenn sans listwa.

Si ou te fè de jou kay madan ponyon, ou ap konpran byen vit ke entolerans seri de sèk kretyen montre fas a vodou jwenn rasinn li nan menm teyori rasis ki separe planèt la ant pèp sivilize ak pèp baba ; ant tradisyon sivilize ak tradisyon sovaj. Si nou pa gen sans listwa, n ap bliye ke se o non la relijyon ke yo te fèn esklav, ke se nan non la kwa ke legliz te òganize estèminasyon tout ras endyen an amerik. Alòs anba pawòl dwat e goch, predikatè ki diplome nan lekòl tewoloji ble ak sinistre fò nou fè prèv de moun entelijan pou n pa mele madigra ak bon mas.

Ayiti pa sèl peyi sou latè ki posede tradisyon animis. La Chin ak Lend, se de gwo peyi ki gen gwo tradisyon animis ak politeyis ; sa pa anpeche yo pran wout devlopman. Yo reyisi kankou tout pèp entelijan, balanse espirityalite ak la syans, lafwa ak larezon. Relijyon Endou pa ekzanp, posede youn nan pi gwo panteyon pami tout relijyon. Tradisyon Endou pou otan pa anpeche ke Lend enpoze l kòm yon pisans ekonomik gras a syans ak teknik.

Alò nan ka Ayiti fòn klè, boule ogatwa oubyen chire drapo anba perestil pap chanje anyen nan sò peyi a. Nou pa gen yon pwoblèm relijyon, nou gen yon problèm povrete. Nan sans sa tout pastè ki amize yo preche entolerans kont vodou an Ayiti pa fè pati de solisyon pou Ayiti. Yo nan kè pwoblèm nan paske yo ap preche la èn, entolerans ak vyolans. Nan sitiyasyon ke peyi a twouve l jodi ya, nou pito bezwen lanmou, tolerans ak non-vyolans. Vrè levanjil Jezi a pa yon levanjil reziyasyon ak la pèrèz, se pa yon levanjil ki, nan tan pwoblèm ; vle transfòme evanjelizasyon en gè sent, an yon espès de kwazad kont tout sa ki pa Jideyokretyen.

Lèm te ti katkat, se te yon plezi pou mwen pou m te asiste lekòldidimanch nan legliz mwen te mache. M sonje nou te konn chante yon ti chante ki di : ‘papa Abraham gen anpil pitit, mwen se youn ladann’. Kouplè chante sa a eksplike dilèm yon kretyen ayisiyen. Pou tewoloji reziyasyon rasis kap preche an Ayiti ; alyenasyon se wout padon. A la verite, pawòl kris la pou tout moun, jwif ou pa, sa ki konte se repantans. Nou te mèt jene 40 jou 40 nwi, roule dezinyè, grenen chaplè, fè vèy de nwi chak nwit, nou pap janm pitit Abraham, nou pap janm jwif. Nap toujou rete ayisyen, kretyen wi, pitit Abraham jamè.

Jezi nan dyalòg ak Disip li yo, te anseye ke si lafwa nou te gwosè yon grenn moutad nou ta di mòn la deplase, li ta deplase. Si kretyen ayisyen yo priye pou Ayiti e priyè yo poko ekzose, se pa fòt vodou, se pito fòt degre lafwa yo.

Comments (3)

great post
#3 - mutui - 02/15/2012 - 05:09
It`s a very important piece of news for me
#2 - freelance writers job - 11/02/2011 - 02:04
As a whole I like the site. There are many different materials. I like the forum, the column with the news. Very pleased that it is updated very often.
#1 - detox products - 09/27/2011 - 04:56
Name
E-mail (Will not appear online)
Homepage
Title
Comment
To prevent automated Bots form spamming, please enter the text you see in the image below in the appropriate input box. Your comment will only be submitted if the strings match. Please ensure that your browser supports and accepts cookies, or your comment cannot be verified correctly.
»
This comment form is powered by GentleSource Comment Script. It can be included in PHP or HTML files and allows visitors to leave comments on the website.